U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Tuesday, August 16, 2022

Biwo Resansman an Bay Rezilta Sondaj Apre-Enimerasyon pou Pòtoriko ki Sot nan Resansman 2020

Press Release Number CB22-CN.12 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Sondaj Apre-Enimerasyon Bay Ransèyman sou Kontaj Popilasyon ak Kantite Moun nan Kay nan Pòtoriko

16 OUT 2022 — Biwo Resansman Etazini a pibliye jodi a estimasyon erè nan pòte rapò nèt ak eleman pòte rapò pou Pòtoriko ki soti nan Sondaj Apre-Enimerasyon 2020 (PES, selon sig anglè a). Rezilta sa yo bay yon apèsi sou kalite kalkil Resansman 2020 an yo pou popilasyon ak inite lojman nan Pòtoriko.

“Piblikasyon estimasyon pòte rapò yo pou Pòtoriko reprezante yon dènye pati nan finisman evalyasyon konplè nou fè sou Sondaj Apre-Enimerasyon 2020 an,” se sa Direktè Biwo Resansman an Robert L. Santos di. "Sa se youn nan anpil evalyasyon pwòp tèt nou ki pèmèt nou panse yon fason siyifikatif sou fason pou nou transfòme operasyon ak plan nou pou Resansman 2030 lan."

Yo te itilize PES la pou devlope estimasyon ki endepandan de kantite moun ak inite lojman ki te nan peyi Etazini ak Pòtoriko nan jou 1ye Avril, 2020. Yo te konpare estimasyon sa yo ak kontaj Resansman 2020 an yo pou eksplore fòs ak limitasyon done yo epi pou yo enfòme plan pou yo amelyore Resansman 2030 lan.

Pòtoriko se teritwa Etazini ki pi gwo ak pi peple epi nou te trete li kòm yon antite gouvènman apa. Nan sans sa a, yo te konsevwa echantiyon an alavans pou yo te ka fè plas pou estimasyon pòte rapò souzansanm popilasyon.

Konstatsyon kle PES pou kontaj popilasyon nan Pòtoriko a:

  • Selon PES la, Resansman 2020 an konte popilasyon Pòtoriko a 5.7% an plis ki se 174,000 moun. Sa a pa t estatistikman diferan de kontaj an plis 4.5% ki te fèt nan Resansman 2010 la.
  • To estime pou enimerasyon ki fèt ak erè nan Resansman 2020 an se te 9.8% ki se 319,000. Sa gen ladan li yon estime 9.1% ki se 294,000 dosye doub.
  • PES la estime yon kontaj an plis pou moun ki abite nan inite lojman ki se pwòp kay yo pa 8.6%. Lokatè yo pa t gen yon kontaj an mwens ni an plis ki te siyifikatif sou pwendvi estatistik.
  • PES la estime kontaj an plis 3.6% pou popilasyon moun laj 30 a 49 lane yo epi 9.7% pou moun laj 50 an ak plis yo. To erè nan pòte rapò nèt yo te estime pou rès lòt gwoup laj yo, pami yo gen gwoup timoun, pa t siyifikatif sou pwendvi estatistik.
  • Yo te konte gason (5.7%) ak fanm (7.3%) laj majè yo an plis nan yo fason siyifikatif sou pwendvi estatistik nan Resansman 2020 an.
  • PES la estime kontaj estatistik an plis pou kontaj Resansman 2020 pou fanm laj 30 a 49 lane (4.9%) ak fanm 50 an ak plis (11.0%), ansanm ak gason 50 an ak plis (8.3%).
  • PES la te estime kontaj an plis nan Zòn Estatistik Konbine San Juan-Bayamón, PR ak rès Pòtoriko.
  • Akoz demografi ki nan Pòtoriko, yo pa kalkile estime pòte rapò selon ras ak Orijin ispanik.

Konstatsyon kle pou inite lojman nan Pòtoriko:

  • PES la pa t estime yon kontaj an mwens oubyen an plis ki te siyifikatif sou pwendvi estatistik pou inite lojman nan Resansman 2020 an nan Pòtoriko. Resansman 2010 la
    pa t gen yon nivo erè nan pòte rapò nèt ki te siyifikatif sou pwendvi estatistik non plis.
  • Resansman 2020 an konte an mwens kantite inite lojman ki vid nan Pòtoriko pa 5.8%.
    Pa t gen kontaj an plis ni an mwens ki te siyifikatif sou pwendvi estatistik pou inite lojman ki gen moun ladan yo.

"Nou konprann devastasyon Siklòn Maria te fè, kidonk nou adapte plan operasyon nou pou n te ka konte Pòtoriko pandan nou t ap prepare n pou Resansman 2020 an," Santos di. “Nou ap kontinye kolabore sere sere ak patiprenant ki pi enpòtan nan Pòtoriko pou n travay pou yon kontaj egzat pou lòt resansman ki ap vini.”

Biwo Resansman an pibliye jodi a tou estimasyon sou erè nan pòte rapò nèt ak eleman rapò pou inite lojman pou peyi a, rejyon ak eta yo.

Avan sa nan ane a, Biwo Resansman an te pibliye rezilta nivo nasyonal ansanm ak lòt rezilta ki te soti nan Analiz Demografik (DA, selon sig anglè a). Yo te demontre fòs kontaj popilasyon total Etazini a e pòte rapò sa a te varye selon gwoup demografik tankou ras ak Orijin ispanik, ansanmn ak gwoup laj ak sèks.

Biwo Resansman an te pibliye tou avan sa nan ane a estime pou moun selon eta ak Distri Kolonbya a nan PES la.

Operasyon Kite Mizajou

Operasyon Kite Mizajou Biwo Resansman an te gen enpòtans patikilye nan Pòtoriko akoz de enpak Siklòn Maria a. Nan kad kanpay sa a, ajan resansman te pase vizite inite lojman ki pa gen adrès kote moun ka voye lèt epi yo te kite fòmilè resansman vid ak lòt enfòmasyon pou ankouraje patisipasyon piblik nan Resansman 2020 an.

“Rezilta sa yo bay gwo ransèyman valab ki ka enfòme e motive yon pakèt inovasyon ak operasyon ki sèvi nan Resansman 2020 an. Anplis toujou, nou gen travay pou n fè toujou pou Resansman 2020 an. Nou poko fini non. Gen toujou gwo pwodwi done ki pou vini ki demontre divèsite rich pèp Ameriken an,” Santos di. “Nan kad pwosesis transfòmasyon an, nou ap gade ak yon koudje tou nèf kiyès nou ye epi n ap gade nan ki fason nou ka enteraji ak piblik la ak patiprenant yo pou n pran opinyon yo pou nou bati Resansman 2030 lan – sa se youn nan anpil efò ki ap fèt pou n aprann kijan nou, Biwo Resansman an, ka kontribye done ki pi apwopriye bay peyi a.”

Anplis de Estimasyon Rapò Resansman pou Pòtoriko ak Estimasyon Rapò Resansman pou Inite Lojman nan rapò peyi Etazini yo, Biwo Resansman an pibliye tou Sous ak Presizyon Estimasyon Sondaj Apre-Enimerasyon 2020 sou Inite Lojman.

###

Contact


Kristina Barrett
Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - September 2, 2022
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header