An official website of the United States government
Here’s how you know
Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.
Secure .gov websites use HTTPS
A lock (
) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.
15 Desanm 2021 — Jodi a Biwo Resansman Etazini voye bay fonksyonè gouvènman elijib yo yon imel ak enfòmasyon sou pran pa nan Operasyon Rezolisyon Kesyon Konte (CQR, selon sig anglè a) Resansman 2020 an (an Anglè).
CQR bay fonksyonè nan nivo tribi, eta (state) ak lokal yo (an Anglè) opòtinite pou yo mande pou Biwo Resansman an revize chif ofisyèl lojman yo konte nan Resansman 2020 an pou si ta gen erè tretman. Gras ak pwosedi revizyon fòmèl sa a, Biwo Resansman an asire l popilasyon ak lojman yo konte yo tonbe kòrèkteman nan blòk tabilasyon Resansman 2020 nan 50 eta (state) yo, Distri Kolonbya a epi ak Pòtoriko. Se depi nan dat Resansman 1990 Biwo Resansman an ap fè operasyon CQR.
Nenpòt gouvènman ki ta renmen fè demand pou yo revize chif popilasyon lojman gwoup nou te konte yo ka fè sa atravè yon lòt pwogram apa, ki rele Revizyon Aprè-Resansman pou Lojman Gwoup 2020 (2020 PCGQR, selon sig anglè a) (an Anglè).
CQR pa pote okenn chanjman nan done redekoupaj distri, rezilta repatisyon oswa lòt pwodwi done Resansman 2020 an. Sepandan, rezilta CQR yo ap sèvi nan pwogram Estimasyon Popilasyon Biwo Resansman an ak lòt pwogram nan lavni ki ap sèvi ak done Resansman 2020 an.
CQR ap bay chif korije yo konte pou lojman ak popilasyon nan dat 1ye Avril 2020 an, lè yon dosye montre lojman oswa popilasyon ki asosye ak li te rive idantifye pandan enimerasyon an men yo te wete li pa erè nan kontaj resansman yon jiridiksyon akoz yon erè tretman.
Biwo Resansman an ap aksepte rekèt CQR nan dat 3 Jan. 2022, jiska 30 Jen 2023. Dat limit pou voye rezilta yo bay inite gouvènman ki afekte yo se 30 Sept. 2023, men Biwo Resansman an fikse kòm objektif pou li reponn nan espas 90 jou aprè li resevwa yon rekèt yo soumèt.
Pou plis enfòmasyon sou pwogram CQR pandan resansman desenal ki te fèt avan yo (an Anglè) ak sitiyasyon aktyèl rekèt CQR nou resevwa yo, ale sou paj Operasyon Rezolisyon Kesyon Konte (CQR) Resansman 2020 an (an Anglè) ak paj laprès Kesyon Konte Resansman 2020 an (an Anglè).
###
Share
Contact
Related Information
Top