U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Saturday, March 21, 2020

16.7% nan kay ki te reponn a 2020 resansman an

Press Release Number CB20-CN.33 Haitian Creole

Kat To Repons ki Montre Dènye Done pou Chak Kominote Atravè Etazini Disponib Koulye a Sou Entènèt

21 Mas 2020 —Biwo Resansman Etazini a pibliye premye to repons yo pou chak eta (state), konte ak vil (city) atravè peyi a depi lè envitasyon yo kòmanse rive nan bwat a lèt yo nan jounen 12 Mas la.

 Kat to repons a Resansman 2020 an montre kijan vil (city) ak ti vil (town) atravè peyi a ap reponn koulye a. Y ap ajiste kat la chak jou pou tout moun ka wè to repons pou zòn bò lakay pa yo epi konpare sa ak lòt zòn atravè peyi a. Kat la montre to repons konparab ki soti nan Resansman 2010 la tou pou chak zòn jewografik.

Sa gen kèk tan deja ane sa a, Biwo Resansman an piblye yon seri de resous lojisyèl telechajab pou ede fonksyonè leta lokal ke pèp la eli yo ak dirijan kominote yo planifye pou leve defi to repons a Resansman 2020 an; yon fason pou yo ka sansibilize moun sou resansman an epi ankouraje yo patisipe. Itilizatè yo ka konpare to repons Resansman 2020 kominote yo a bay ak to repons Resansman 2010 yo te bay pou yo ka idantifye nan ki zòn yo bezwen al fè moun yo sonje poukisa li enpòtan pou patisipe nan resansman an.

Nan fen mwa Fevriye a, kat la te lanse ak to repons Resansman 2010 la kòm yon pwen referans pou eta (state) ak vil (city), pami yo te gen jiska nivo repatisyon Resansman an (ki vle di zòn ki gen apeprè 4,000 gwoup moun menm kay). Koulye a moun ka wè to repons Resansman 2010 la ak pa 2020 an, toude nan kat la.

Kat la gen sèlman done ki sot nan kay ki reponn a Resansman an sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs, men li pa gen done ki sot nan sa anketè konte an pèsonn yo. Pa egzanp, kat la pa reflete moun ke yo ap konte pa mwayen operasyon espesyal yo, tankou moun k ap viv nan lojman an gwoup yo, pozisyon tranzisyonèl, oswa zòn izole yo.

Lòt Pwen Fò sou Kat la

  • Mizajou chak jou konsènan to repons pou kay ki reponn a Resansman 2020 an sou entènèt, pa telefòn oswa lapòs.
  • Kapasite pou chèche to repons pou eta (state) yo, vil (city) yo, konte yo ak repatisyon yo nan Resansman 2010 la ak Resansman 2020 an epi konpare yo a tan reyèl.
  • Yon sistèm kat chalè (heat map) pou montre ki kote ki gen pi gwo to repons.
  • Enfòmasyon sou istorik ak enstriksyon sou kijan pou itilize kat la ak done li prezante yo, pami yo gen egzanp sou konpetisyon to repons yo.
  • Yon konpozan lojisyèl reyitilizab ki ap pèmèt patisipan nan Leve Defi To Repons yo mete kat la sou sitwèb pa yo si yo vle.
  • Done To Repons yo disponib nan API piblik la.

Nan jou k ap vini yo, anketè ap vizite kay ki pako reponn yo pou kolekte repons yo an pèsonn. Kat to repons la bay yon apèsi sou zòn kote anketè yo ka bezwen fè suivi ak plis kay si yo pa reponn sou entènèt, pa telefòn oswa lapòs.

Leve Defi To Repons Resansman 2020 An

Pou ogmante repons a Resansman 2020 an atravè peyi a, Biwo Resansman an ap lanse yon defi a kominote toupatou nan peyi a pou yo ranpli resansman an sou entènèt, pa telefòn oswa lapòs. Resous ki sou entènèt la gen ladan li plizyè lide pou dirijan kominote yo ka ankouraje moun depase to oto-repons yo te bay a Resansman 2010 la.

Pa t ko janm gen mwayen pi fasil pou reponn poukont ou, swa sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs—tout sa ka fèt san ou pa rankontre ak yon anketè.

Konstitisyon Etazini a egzije pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Objektif Resansman 2020 an se pou konte tout moun ki abite nan Etazini nan jou 1e Avril, 2020 an (Jounen Resansman). Rezilta estatistik Resansman an pèmèt yo detèmine ki kantite plas chak eta (state) okipe nan Chanm Reprezantan Etazini a epi bay enfòmasyon sou kijan plizyè milya dola nan finansman federal ap separe pami chak lejislatè eta (state), lokal, ak federal chak ane pou lòt 10 lane ki ap vini yo.

Pou plis enfòmasyon, ale sou 2020census.gov.

Pa gen okenn kominike laprès ki asosye a rapò sa. Paj Konsèy sempleman.

###

Contact


Kristina Barrett
Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header