16 SEPT. 2021 — Jodi a, Biwo Resansman Etazini a pibliye yon vèsyon revize pou Konkòdans Planifikasyon Pwodwi Done Resansman 2020 yo (Crosswalk) (an Anglè). Konkòdans la gen ladan l tablo Fichye Rezime Done Repatisyon Resansman 2020 (Lwa Piblik 94-171) ansanm ak tablo done yo pwopoze pou Pwofil Demografik Resansman 2020 an, Fichye Karakteristik Demografik ak Lojman (DHC, selon sig anglè a), ansanm ak Fichye Detaye sou Karakteristik Demografik ak Lojman (Detailed DHC, selon sig anglè a).
Konkòdans la gen ladan l:
Epi tou li bay itilizatè done yo yon opòtinite pou yo wè pou premye fwa lis tablo DHC Detaye ak eskis tablo ki pwopoze yo.
N ap envite itilizatè done yo pou yo voye opinyon yo sou pwodwi done ki plannifye sa yo nan [email protected] depi jodi jiska 22 Okt. W ap jwenn plis enfòmasyon nan bilten (an Anglè) Pwodui Done Resansman 2020 an. Ap gen yon seminè an liy (an Anglè) nan dat 30 Sept. a 3 p.m. (Lè NY) (an Anglè) pou revize Konkòdans la ak chanjman ki pwopoze yo. N ap bay detay sou kijan pou konekte (an Anglè) nan yon lòt dat ki pi lwen.
###