U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Tuesday, August 16, 2022

Biwo Resansman an Pibliye Rezilta Sondaj Apre-Enimerasyon pou Kontaj Inite Lojman Resansman 2020 an

Press Release Number CB22-CN.13 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Estimasyon Pòte Rapò Inite Lojman ki Soti nan Sondaj Apre-Enimerasyon an Pare Koulye a pou Etazini, Distri Kolonbya a, ak Pòtoriko

16 OUT 2022 — Biwo Resansman Etazini a pibliye jodi a to kontaj an mwens ak an plis pou inite lojman ki soti nan Sondaj Apre-Enimerasyon 2020 (PES, selon sig anglè a). Rezilta sa yo bay ransèyman sou kalite kontaj Resansman 2020 an yo pou inite lojman pou nasyon an, rejyon, eta, Distri Kolonbya a, ak Pòtoriko, epi selon karakteristik byen seleksyone ak operasyon resansman pou nasyon an.

“Piblikasyon sa a fin konplete seri rezilta ki soti nan Sondaj Apre-Enimerasyon 2020 an,” se sa Direktè Biwo Resansman an Robert L. Santos di. "Sa se youn nan anpil evalyasyon pwòp tèt nou ki pèmèt nou panse yon fason siyifikatif sou fason pou nou transfòme operasyon ak plan nou pou Resansman 2030 lan."

Estimasyon PES yo ede nou demontre nan ki nivo Resansman 2020 an te kouvri inite lojman nan peyi a, eksepte zòn izole nan Alaska. Pou n fè sa, PES la kreye yon estimasyon endepandan de kantite inite lojman ki te nan peyi Etazini ak Pòtoriko nan jou 1ye Avril, 2020.

Konstatasyon Kle:

  • Rezilta Rapò Nasyonal
    • Estimasyon 140.4 milyon inite lojman nan peyi a PES fè a pa t estatistikman diferan de kontaj lojman Resansman 2020 ki se 140.5 milyon. Sa vle di, estimasyon erè nan pòte rapò nèt 0.04% an (ki se 60,000 inite lojman) pa t estatistikman diferan de zewo. Estimasyon pousantaj erè nan pòte rapò nèt inite lojman nan peyi a pou 2020 an te estatistikman diferan de kontaj an mwens ki te estime an 2010 la.
    • Nan deseni pase yo, PES la te estime resansman an te konte inite lojman an mwens pa 0.60% an 2010; 0.61% an 2000; epi 0.96% an 1990.
    • An 2020, to estime enimerasyon ki te fèt ak erè pou inite lojman yo se te 3.1% ki se 4.4 milyon.
  • Pòte Rapò Enfranasyonal
    • PES la estime yon kontaj an plis ki siyifikatif sou pwendvi estatistik (1.9%) pou inite lojman ki nan Rejyon Nòdès la.
    • Kontaj resansman pou inite lojman nan pati Lwès Santral, Sid ak Lwès peyi a pa t gen yon kontaj an mwens ou an plis ki te estime siyifikatif sou pwendvi estatistik.
    • Inite lojman pou eta nou pral site la yo te gen yon kontaj an mwens siyifikatif sou pwendvi estatistik: South Carolina (2.5%) ak Vermont (4.1%).
    • Inite lojman pou eta nou pral site la yo te gen yon kontaj an plis ki te siyifikatif sou pwendvi estatistik: Alabama (2.7%), Massachusetts (1.4%), New Jersey (2.5%), New York (3.7%), Ohio (1.2%), Rhode Island (1.6%) ak Utah (0.8%).
    • Inite lojman nan Pòtoriko pa t gen kontaj an plis ni an mwens ki te siyifikatif sou pwendvi estatistik nan Resansman 2020 an. (Jodi a Biwo Resansman an pibliye rezilta pou kontaj popilasyon Pòtoriko.)

Erè nan pòte rapò nèt selon karakteristik

  • Estimasyon pòte rapò selon konbyen moun ki abite ak ki tit yo (pwopriyetè, lokatè)
    • Inite lojman ki gen moun ladan yo te gen yon kontaj an plis ki te siyifikatif sou pwendvi estatistik nan Resansman 2020 an 0.33%.
    • Inite lojman ki te lwe yo te gen yon kontaj an plis ki te siyifikatif sou pwendvi estatistik nan Resansman 2020 an 0.85%.
    • To erè nan pòte rapò nèt ki estime pou inite lojman kote mèt kay abite yo pa t siyifikatif sou pwendvi estatistik. Inite lojman ki vid yo te gen yon kontaj an mwens ki te siyifikatif sou pwendvi estatistik 2.6%.
  • Estimasyon pòte rapò selon tip estrikti kay
    • Ti inite lojman a plizyè inite (estrikti ki gen de jiska nèf inite nan menm adrès kay) te gen yon kontaj an plis ki siyifikatif sou pwendvi estatistik nan Resansman 2020 an 5.1%.
    • Kay mobil ak lòt inite te gen yon kontaj an mwens ki siyifikatif sou pwendvi estatistik 4.3%.
  • Estimasyon pòte rapò selon ras sèlman oswa konbine epi orijin Ispanik moun nan kay la
    • Inite lojman ki te gen yon moun nan kay la ki te Nwa oswa Ameriken Nwa (0.87%), Azyatik (1.37%), Hawayen Natif Natal oswa Lòt Moun ki Sòti nan Zile Pasifik yo (2.64%), oswa Yon lòt ras (0.58%) te gen kontaj an plis ki siyifikatif sou pwendvi estatistik.
    • To pòte rapò estime inite lojman ki te gen yon moun nan kay la ki te Blan, Endyen Ameriken oswa natif-natal Alaska, oswa Ispanik oswa Latino pa t diferan de zewo sou pwendvi estatistik.
  • Estimasyon pòte rapò selon operasyon resansman
    • Inite lojman ki te nan Tip Zòn Enimerasyon Kite Mizajou ak Konte Mizajou yo te gen yon kontaj an mwens ki siyifikatif sou pwendvi estatistik 4.2%.

“Biwo Resansman an travay san pran souf pandan deseni a pou l drese yon lis adrès ki konplè e egzat pou Resansman 2020 an,” se sa Deirdre Bishop, chèf Divizyon Jewografi a te di. “Pwosesis pou devlope lis adrès deseni sa a se te yon gwo inovasyon ki te sèvi kòm kòmansman pou n konte moun nan kote ki korèk nan Resansman 2020 an.”

Biwo Resansman an te pibliye premye rezilta ki soti nan PES la ansanm ak lòt rezilta ki soti nan Analiz Demografik (DA, selon sig Anglè a) avan sa nan ane sa a. Yo te demontre fòs kontaj popilasyon total Etazini a e pòte rapò sa a te varye selon gwoup demografik tankou ras ak Orijin ispanik, ansanmn ak gwoup laj ak sèks.

Biwo Resansman an te pibliye tou avan sa nan ane a estime pou moun selon eta ak Distri Kolonbya a nan PES la.

Diferans ant pòte rapò inite lojman ak kontaj popilasyon

Fason Biwo Resansman an pran an kont tout inite lojman ki nan Etazini lejèman diferan de fason li pran an kont popilasyon peyi a. Diferans kle a se Biwo Resansman an travay pandan deseni an pou li drese yon lis pou tout inite lojman nan peyi a. Lis adrès sa a, ki rele Dosye Adrès Debaz, yo sèvi ak li pou yo envite moun ki abite nan adrès sa yo pou yo reponn a resansman an epi pou fè suivi ak yo si yo pa reponn.

Lis la yo sèvi ak li tou pou fè sèten yo tabile popilasyon an selon kote ki korèk la. Sa vle di pòte rapò inite lojman depann plis sou yon lis adrès ki egzat pase sou resevwa repons ki obligatwa pou konte moun.

“Rezilta sa yo bay gwo ransèyman valab ki enfòme e motive yon pakèt inovasyon ak operasyon ki gen rapò ak drese epi rafine lis adrès ki sòti nan Resansman 2020 an. Anplis toujou, nou gen travay pou n fè toujou pou Resansman 2020 an. Nou poko fini non. Gen toujou gwo pwodwi done ki pou vini ki demontre divèsite rich pèp Ameriken an,” Santos di. “Nan kad pwosesis transfòmasyon an, nou ap gade ak yon koudje tou nèf kiyès nou ye epi n ap gade nan ki fason nou ka enteraji ak piblik la e patiprenant yo pou n pran opinyon yo pou nou bati Resansman 2030 lan – sa se youn nan anpil efò ki ap fèt pou n aprann kijan nou, Biwo Resansman an, ka kontribye done ki pi apwopriye bay peyi a.”

Anplis de piblikasyon rapò Estimasyon Rapò Resansman pou Inite Lojman nan Etazini ak Estimasyon Rapò Resansman pou Pòtoriko yo, Biwo Resansman an pibliye tou Sous ak Presizyon Estimasyon Sondaj Apre-Enimerasyon 2020 sou Inite Lojman.

Gen lòt rapò ki disponib, pami yo gen yon trete sou enpite karakteristik demografik pou PES la ak yon rapò teknik ki dekri metòd ak rezilta yo itilize pou redui erè repons ki manke yo nan PES pou estimasyon moun nan.

###

Contact


Kristina Barrett
Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - September 2, 2022
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header