U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Tuesday, December 15, 2020

Biwo Resansman an Pibliye Analiz Demografik 2020 an Estimasyon Popilasyon an yo

Press Release Number CB20-CN.133 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Chif sa yo Estime Gwosè Popilasyon Peyi a San Depann de Resansman 2020 an

15 Des. 2020 –– Biwo Resansman Etazini a pibliye jodi a Analiz Demografik 2020 an, ki bay yon limit chif estimasyon (pi piti, mitan, pi wo) pou popilasyon peyi a nan jou 1ye Avril 2020 an. Olye yo kolekte repons nan men moun nan kay menm jan Resansman 2020 an fè a, Analiz Demografik la sèvi ak achiv estatistik aktyèl e istorik ansanm ak lòt done pou yo ka estime gwosè popilasyon Etazini a. Lè li pibliye estimasyon sa yo avan menm premye rezilta ki soti nan Resansman 2020 an yo tonbe, Analiz Demografik la ofri yon mezi endepandan sou popilasyon an pou yo ka fè konparezon ak chif ofisyèl resansman an konte yo.

Selon divès sipozisyon li fè sou popilasyon an, Analiz Demografik la pwodui twa estimasyon diferan sou gwosè popilasyon Etazini a nan jou 1ye Avril 2020 an:

Estimasyon Popilasyon Etazini selon Analiz Demografik 2020 an nan jou 1ye Avril 2020

Pi piti

Mitan

Pi wo

330,730,000

332,601,000

335,514,000

“Biwo Resansman an fè efò ki depase limit pou l fè sèten li fè yon travay ki gen bon kalite,” se sa Dr. Ron Jarmin, ki se direktè adjwen ak direktè operasyon Biwo Resansman an, deklare. “Analiz Demografik la se yon resous gwo valè pou ede nou analize si Resansman 2020 an konte popilasyon an konplètman vre.”

Fason estimasyon Analiz Demografik yo fèt se atravè rejis nesans ak lanmò yo, done sou migrasyon entènasyonal ak dosye Medicare yo. Limit yo esplike nivo ensètitid nan done yo tape yo ak nan metòd yo itilize pou pwodui estimasyon yo.

Pa egzanp, estimasyon konbyen moun ki fèt ak ki mouri se chif yo konsidere relativman egzat paske yo baze sou sistèm achiv batistè ak lanmò peyi a, ki egzat anpil epi konplè. Sepandan, gen pi gwo ensètitid nan estimasyon chif migrasyon entènasyonal yo paske dosye administratif yo pa disponib pou nou itilize pou pwodui estimasyon sa yo. Kòm preferans, nou sèvi ak done ki soti nan Sondaj Kominote Ameriken (American Community Survey) an Biwo Resansman an fè epi ak lòt sous pou nou estime migrasyon entènasyonal.

“Analiz Demografik la pèmèt nou sèvi ak done ki deja egziste, tankou dosye administratif aktyèl ak istorik epi ak done sondaj yo, pou nou estime gwosè popilasyon an” se sa Eric Jensen, ki se yon espesyalis teknik an chèf pou Analiz Demografik nan Divizyon Popilasyon an, deklare. “Depi nan Resansman 1960 nou ap fè Analiz Demografik, epi avèk tan k ap pase estimasyon nou yo pote anpil benefis pou nonsèlman amelyorasyobn metodoloji yo, men tou pou amelyorasyon ki disponib nan dosye administratif yo.”

Rezilta final Resansman 2020 an yo pral konpare ak chif Analiz Demografik 2020 an estime yo pou pwodui estimasyon sou erè ki petèt fèt nan kesyon kouvèti nèt selon laj, sèks, ras an gwo ak gwoup orijin Ispanik yo. Nou fè plan pou n pibliye an 2021 yon rapò ki bay detay sou estimasyon sa ki konte an plis ak sa ki pa konte ase selon 2020 Analiz Demografik la.

An plis toujou, an 2021 ak 2022, nou planifye pou nou pwodui twa nouvo seri estimasyon kòm esè (an Anglè):

  • Estimasyon pou popilasyon Ispanik ak non-Ispanik selon sèks pou laj 0 a 39 lane (sa ki elaji limit laj 0 a 29 lane ki pibliye jodi a) an 2021.
  • Estimasyon pou jèn timoun (laj 0 a 4 lane) ap disponib pou premye fwa nan nivo eta (state) ak konte yo an 2022. Estimasyon sa yo ap entegre achiv batistè moman aktyèl la, yon bagay ki pako disponib nan jiridiksyon lokal yo.
  • Estimasyon pou popilasyon laj 0 a 17 an pou moun ras Blan, Nwa oswa Ameriken Nwa, Endyen Ameriken oswa natif-natal Alaska, Azyatik, Awayen Natif-Natal ak Lòt moun ki sòti nan Zile Pasifik yo, ak Moun Plizyè Ras, ak moun Orijin ispanik an 2022. Estimasyon sa yo entegre detay sou ras ki disponib nan achiv batistè ak lanmò depi ane 2003.

Estimasyon Analiz Demografik yo se youn nan de metòd nou itilize pou mezire ki valè teritwa yon resansman rive kouvri epi ki ede nou konprann ki gwoup popilasyon ki petèt pa t rive konte ase oswa yo konte an plis. Lòt metòd la se Pwogram Mezi Kouvèti a ki sèvi ak enfòmasyon ki soti nan Sondaj Aprè-Enimerasyon an (an Anglè), ki se yon sondaj endepandan Biwo Resansman an, pou yo estime konbyen moun ak konbyen inite lojman yo te sote oubyen yo te konte pa erè nan Resansman 2020 an. Estimasyon kouvèti ki soti nan Sondaj Aprè-Enimerasyon an yo pwograme pou disponib an Novanm 2021.

Biwo Resansman an ap travay darachpye pou li trete done Resansman 2020 an yo pou li ka remèt yon rezilta konplè e egzat sou konte yo te konte popilasyon eta (state) yo pi prè posib a 31 Desanm 2020, ki se dat limit legal la.

Apèsi Analiz Demografik

An plis de chif estimasyon popilasyon total pou tout peyi a yo, Analiz Demografik 2020 an bay estimasyon nan nivo nasyonal sou popilasyon Etazini selon laj, sèks, ras an gwo ak gwoup orijin Ispanik ak detay elaji sou kesyon laj la ki disponib ane sa a an rapò ak sa yo te bay an 2010.

Espesifikman, chif estimasyon yo disponib pou kantite moun ki:

  • Nwa sèlman/moun ki pa nwa sèlman selon sèks pou laj 0 a 85 ou plis.
  • Nwa sèlman oswa melanje/moun ki pa nwa sèlman oswa melanje selon sèks pou laj 0 a 85 ou plis (sa ki elaji limit 0 a 29 lane nan Analiz Demografik 2010 la).
  • Ispanik/non-Ispanik selon sèks pou laj 0 a 29 lane (sa ki elaji limit 0 a 19 lane ki te fèt an 2010).

Estimasyon sa yo ka pwodui sèlman nan kèk detay limite sou ras paske yo depann de achiv istorik ak mezi sou ras ki chanje avèk epòk k ap avanse.

Lòt apèsi ki soti nan piblikasyon jodi a gen pami yo, selon lòd estimasyon pi piti, mitan ak pi wo:

  • Laj medyan popilasyon Etazini a te estime a 38.4, 38.5 ak 38.7, respektivman.
  • Pousantaj popilasyon Etazini a ki estime kòm nwa sèlman se te 13.4, 13.7 ak 13.9, respektivman.
  • Pousantaj popilasyon Etazini a ki estime kòm nwa sèlman oswa melanje ak lòt ras se te 14.9, 15.1 and 15.4, respektivman.
  • Pwopòsyon sèks (kantite gason sou chak 100 fi) pou popilasyon total la se te 98.1 nan tou lè twa limit yo. Pwopòsyon sèks pou popilasyon ki gen mwens pase laj 30 an se te 104.2 nan limit pi piti a epi 104.3 nan limit mitan ak pi wo yo.
  • Pou popilasyon ki gen mwens pase laj 30 an, pousantaj yo estime ki se Ispanik se te 23.0, 24.6 ak 26.0, respektivman. Estimasyon Analiz Demografik la yo sou popilasyon an selon orijin Ispanik yo pa pwodui pou tout laj paske opsyon orijin Ispanik la pa t disponib lajman nan achiv batistè ak lanmò avan ane 1990 yo.

Analiz Demografik la estime sèlman popilasyon nasyonal pou kategori demografik sa yo, kidonk estimasyon li bay yo pa ka konpare ak done byen detaye Resansman 2020 an yo ki ap montre popilasyon an nan nivo eta (state), vil (city), konte, sibdivizyon ak blòk katye yo.

W ap jwenn tablo konplè yo nan paj dakèy Analiz Demografik 2020 an (an Anglè).

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header