1ye SEPT. 2021 — Biwo Resansman Etazini a ap pibliye fòma ak izaj pi fasil pou Fichye Rezime Done Repatisyon Resansman 2020 an (Lwa Piblik 94-171) nan jou 16 Septanm.
Epi tou nan jou 16 Septanm, ap gen done repatisyon disponib atravè zouti pou distribisyon done prensipal Biwo Resansman an yo, data.census.gov (an Anglè). Biwo Resansman an ap remèt tou yon bwat zouti ak izaj fasil plen ak DVD ak kle USB bay fonksyonè eta (state) ak asanble piblik ki responsab pou repatisyon oubyen redekoupaj elektoral nan eta (state) yo.
Done sa yo — ki piblye nan jou 12 Out pou premye fwa — disponib koulye a nan yon fòma tradisyonèl sou sit Pwotokòl Transfè Fichye (FTP, selon sig anglè a) Biwo Resansman an. Done sa yo disponib tou atravè divès vizyalizyasyon done (an Anglè).
Plis enfòmasyon, tankou lyen ki louvri vizyalizyasyon done yo, videyo (an Anglè) sou kijan pou jwenn aksè ak done yo epi ak istwa Etazini Konte yo ki pale de pwen fò nan done yo disponib nan Dosye Laprès Repatisyon Resansman 2020 an (an Anglè).
###