Tout lyen yo disponib ann Anglè sèlman.
21 SEPTANM 2023 — Jodi a, Biwo Resansman an pibliye Resansman pou kantite moun ki nan popilasyon an pou 2020 ak chif pou sèks selon laj pou 300 ras ak gwoup sosyal detaye, ansanm ak 1,187 tribi ak vilaj Ameriken Otoktòn ak Otoktòn nan Alaska (AIAN).
Done sa yo soti nan 2020 Census Detailed Demographic and Housing Characteristics File A (Detailed DHC-A). Anvan sa a, Biwo Resansman an te pibliye Resansman 2020 sou popilasyon Ispanik oswa Latino ak gwoup rasyal prensipal yo tankou Blan, Moun Nwa oswa Afriken Ameriken, Azyatik, elatriye.
Piblikasyon jodi a ajoute enfòmasyon sou gwoup detaye nan kategori prensipal sa yo menm jan ak Alman, Libanè, Jamayiken, Chinwa, Otoktòn Awayi ak Meksiken — ak sou tribi ak vilaj AIAN tankou Nation Navajo a. Piblikasyon an gen enfòmasyon konsènan plis pase 200 ras ak gwoup sosyal detaye ki pa konte nan resansman ki te fèt anvan yo.
Men sa Rachel ki se Responsab anchèf Depatman Estatistik Rasyal nan Biwo Resansman an, di: "Done Resansman 2020 an mete aksan sou kokennchenn divèsite ki gen nan peyi nou an." "Nou gen ide konplè sa a gras ak plizyè milyon moun ki te reponn nan resansman an e ki te bay detay sou ras, ran sosyal oswa idantite tribi yo, e se gras ak patisipan, moun k ap fè rechèch ak moun ki pran latèt nan tribi a ki te ede nou amelyore fason nou rasanble done detaye sa yo."
Pami detay enpòtan nan done yo, DHC-A ki detaye a revele pi gwo gwoup detaye nan prensipal gwoup ras ak popilasyon Ispanik la. Pou gwoup ras yo, done yo disponib ni pou popilasyon ki gen ras poukont li ak popilasyon ras ki poukont li oswa nan nenpòt popilasyon ki melanje. Popilasyon ki gen ras poukont li reprezante pi piti kantite moun ki idantifye kòm gwoup sa a. Sa gen ladan l moun ki bay yon sèl repons yo, tankou sèlman Moun peyi Fiji. Popilasyon ki gen ras poukont li oswa nan nenpòt melanj reprezante pi gwo kantite moun ki idantifye kòm gwoup sa a. Sa gen ladan l sa ki bay yon sèl repons, tankou Moun peyi Fiji, ak sa ki bay plizyè repons, tankou moun peyi Fiji ak Japonè oswa moun peyi Fiji ak moun Nwa oswa Ameriken Afriken.
Konparezon done ras detaye ant Resansman 2020 ak Resansman 2010 la ta dwe fèt ak prekosyon epi konsidere amelyorasyon ki fèt nan kesyon sou ras la ak nan fason Biwo Resansman an ekri repons yo. Men, done detaye pou orijin Ispanik nan kesyon ran sosyal la konparab ant de resansman yo. Gen plis enfòmasyon konsènan chanjman ki fèt nan fason yo te ekri ras ak ran sosyal detaye pou Resansman 2020 an ki disponib nan blòg ki rele What You Should Know About the Upcoming Detailed Demographic and Housing Characteristics File A.
Gen plis enfòmasyon sou gwoup detaye ki disponib nan istwa America Counts yo:
Biwo Resansman an pibliye yon dokiman rechèch ki gen tit Understanding Counts of Afro-Latino Responses in the 2020 Census, prezantasyon diferan fason pou konte repons Latino Afriken yo.
Biwo Resansman an ap pibliye istwa konsènan popilasyon detaye pami popilasyon Ispanik, Amerendyen ak Otoktòn Alaska, Blan, Nwa oswa Ameriken Afriken, ak Kèk Lòt Ras nan kèk semèn k ap vini yo.
Done DHC-A detaye yo disponib nan entèraktif vizyalizasyon Detailed Races and Ethnicities in the United States and Puerto Rico: 2020 Census. Vizyalizasyon sa a make pi gwo ak dezyèm pi gwo gwoup detaye selon eta ak rejyon an epi ki bay lis klasman gwoup detaye selon ras ak gwoup sosyal ak selon pozisyon jeyografik yo.
Tout tablo Detaye DHC-A yo disponib tou sou data.census.gov. Pou èd pou w jwenn aksè ak itilize done yo, verifye ti videyo kout ak gid ki bay enstriksyon ki gen foto ekran ki nan Dosye près Detaye DHC.
Kantite done ki disponib pou gwoup detaye rasyal ak ran sosyal ak tribi ak vilaj AIAN yo depann de kantite moun ki nan popilasyon an nan yon zòn presi. Apwòch sa a pèmèt Biwo Resansman an bay plis detay posib pandan l ap asire l li pwoteje enfòmasyon konfidansyèl yo yon fason solid e gen plis detay sou sa nan blòg ki gen tit Data Quality for Detailed Race and Ethnicity Groups and American Indian and Alaska Native Tribes and Villages in the 2020 Census.
Pou plis enfòmasyon sou fason Biwo Resansman an kolekte, ekri ak konte chif sou ras ak Orijin Ispanik oswa Latino, gade paj entènèt Resansman 2020 an ki gen definisyon anrapò ak sijè a, ki se 2020 Census Detailed DHC-A Technical Documentation, ak blòg ki gen pou tit What You Should Know About the Upcoming Detailed Demographic and Housing Characteristics File A.
Enfòmasyon sou pwoteksyon enfòmasyon konfidansyèl ak presizyon done yo pou Resansman 2020 an disponib sou sit entènèt 2020 Census Data Products: Disclosure Avoidance Modernization la.
###