U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Thursday, February 13, 2020

Nan Mwens Ke Yon Mwa Avan Moun nan Kay Peyi Etazini yo Resevwa Envitasyon pou Resansman 2020

Press Release Number CB20-CN.11

Envitasyon pou Reponn Kesyonè Resansman 2020 an Gen Pou Rive Jwenn Moun Nan Kay Atravè Peyi a

13 Fevriye, 2020 – Ant 12 Mas ak 20 Mas, envitasyon pou patisipe nan Resansman 2020 an ap kòmanse rive nan kay atravè peyi a.

“Biwo Resansman an pare pou nasyon an reponn lòt mwa,” se sa Direktè Biwo Resansman an Dr. Steven Dillingham deklare. “Plizyè milyon Ameriken ap depoze aplikasyon pou djòb nan Resansman 2020 an, plis pase 270,000 òganizasyon lokal ak nasyonal gentan prete atansyon yo, epi nan mwens pase 30 jou majorite moun nan kay Etazini yo ap resevwa envitasyon pou yo reponn nan fason pou ede nou asire ke tout moun ki nan peyi Etazini konte.”

“Resansman 2020 an byen detèmine, li alè, epi li respekte bidjè k ap pèmèt li konte egzakteman konbyen moun ki genyen,” Dillingham kontinye deklare. “Repons yo enpòtan paske yo itilize chif estatistik ki sòti nan resansman an yo pou distribye kibò plizyè santèn milya dola kòm finansman pou kantin lekòl, lopital, wout ak plis lòt bagay prale. Envitasyon yo ap raple moun ki ap reponn yo pou yo mete tout moun ki ap viv nan kay la, kit yo se fanmi ou pa. Sa gen ladan li timoun piti. Repons ou yo ap afekte kominote moun pandan dizan ki ap vini la a”

“Biwo Resansman teste sistèm koleksyon done yo avèk siksè, li bati sistèm soutyen ki pou ranfòse operasyon ki rezistan, epi li pare pou resevwa repons k ap vini toupatou nan peyi a,” Dillingham ajoute.

Nan envitasyon sa a ap genyen enstriksyon sou kijan pou reponn Resansman 2020 an sou entènèt oswa sou telefòn. Avan premye Avril, pifò kay ap resevwa yon envitasyon livre swa pa mwayen lapòs oubyen pa mwayen yon anketè. Nan zòn ki nan peyi a yo kote moun pa fasil pou reponn sou entènèt, ap gen yon kesyonè sou papye nan premye lèt ki rive nan kay moun pa mwayen lapòs yo. Lèt rapèl gen pou rive jwenn moun nan kay ki pa reponn yo, epi nan katriyèm etap lèt sa yo, tout kay ki pako reponn yo ap resevwa yon kesyonè sou papye.

Yon fwa kay yo resevwa envitasyon yo, tanpri itilize Nimewo Idantifikasyon Resansman (Census ID) yo ba ou a pou reponn Resansman 2020 an. Si yon kay pa kapab ekri Nimewo Idantifikasyon Resansman (Census ID) yo a, yo toujou ka bay repons, lè yo ekri yon adrès. Kit yon moun reponn sou entènèt, nan telefòn oswa nan lapòs, sa enpòtan pou reponn touswit.

Anba la a w ap jwenn yon orè sou kijan ak kilè Biwo Resansman an ap envite kay yo pou yo ranpli kesyonè Resansman 2020 an:

  • 12-20 Mas: Sèvis Postal Etazini ap livre premye envitasyon pou reponn sou entènèt ak nan telefòn yo. Nan zòn kote li pa twò posib pou moun yo reponn kesyonè a sou entènèt, moun yo ap resevwa yon kesyonè sou papye, ansanm avèk envitasyon pou yo reponn sou entènèt oswa nan telefòn.
  • 16-24 Mas: Y ap livre lèt rapèl yo.
  • 26 Mas-3 Avril: Y ap livre kat postal nan kay ki pako reponn yo.
  • 8-16 Avril: Y ap livre lèt rapèl ak kesyonè sou papye nan rès kay ki pako reponn toujou yo.
  • 20-27 Avril: Y ap livre dènye kat postal rapèl yo nan kay ki pako reponn yo avan yon anketè fè suivi an pèsonn.

Si yon kay pa reponn a okenn envitasyon sa yo, yon anketè ap fè suivi an pèsonn ant 13 Me ak 31 Jiyè. Yon modèl sou kesyonè sou paye Resansman 2020 an ak yon apèsi sou kesyonè sou entènèt la disponib, ansanm ak plis enfòmasyon sou kilè pifò moun ap resevwa envitasyon pa yo pa lapòs.

Kesyonè Resansman 2020 an disponib sou entènèt ak nan telefòn nan lang anglè ak 12 lòt lang: panyòl, chinwa, vyetnamyen, koreyen, ris, arab, tagalòg, polonè, fransè, kreyòl ayisyen, pòtigè ak japonè. 13 lang sa yo satisfè nesesite pou lang ki genyen nan plis pase 99% nan tout kay nan peyi Etazini. Pou li ka asire li konte tout moun konplètman, Biwo Resansman an ap bay gid lang sou videyo, gid lang sou papye ak diksyonè rakousi pou 59 lang ki pa anglè, ki gen landan yo Lang Siy Ameriken, Bray, ak Ekriti an Gran Lèt.

Konstitisyon Etazini a egzije pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Chif estatistik Resansman an pèmèt yo detèmine ki kantite plas chak eta (state) genyen nan Chanm Reprezantan Etazini a epi kijan plizyè milya dola nan finansman federal ap separe pami kominote eta (state) ak lokal yo pou lòt 10 lane ki ap vini yo.

Pou plis enfòmasyon sou Resansman 2020 an, ale sou 2020census.gov.

###   

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header