Tout lyen yo disponib ann Anglè sèlman.
25 ME 2023 — Jodia, Biwo Resansman Etazini an pibliye Analiz Karakteristik Moun Popilasyon an nan resansman 2020 an epi Afiche Karakteristik Moun nan Popilasyon an ak Lojman (DHC). Dokiman sa yo gen pwochen seri done ki disponib nan Resansman 2020 an, ki ajoute plis detay sou chif sou popilasyon an ak chif sou lojman yo te pibliye anvan sa a nan objektif separasyon kongrè ak òganizasyon lejislatif.
"Estatistik sa yo se pou Ameriken yo. Mèsi pou patisipasyon w nan resansman an epi ankouraje zanmi w, vwazwen w ak kominote w pou yo reponn. Kounye a n ap remèt ou done sa yo pou w konprann e pou yo ka itil kominote w la," se sa Direktè Biwo Resansman an, Robert L. Santos di. "Done Resansman 2020 la ap pral sèvi kòm yon fondman enpòtan pou ane k ap vini yo pou sondaj nou fè chak ane yo e pou bay yon ide sou popilasyon an, e pou desizyon nan kad planifikasyon kominote a ak finansman yo pran nan tout peyi a."
Dokiman ki gen done Resansman 2020 nou fenk pibliye a ale pi lwen pase done ki egziste deja sou kantite moun ki gen nan popilasyon an, kantite moun ki gen laj pou yo vote (18 an ak pi gran), ras, orijin Ispanik ak kantite moun ki gen nan kay yo. Piblikasyon sa a gen plis detay gwoup laj yo, premye done sou sèks ki disponib nan Resansman 2020 an, enfòmasyon sou fanmi ak kay yo, ak plis detay sou lojman. Yo montre tou pwen komen ki genyen nan anpil nan sijè sa yo dapre ras ak orijin Ispanik.
Karakteristik Moun nan Popilasyon an bay yon apèsi sou sijè ki mansyone nan Resansman 2020 an nan yon tablo, ki fasil pou moun al gade pou zòn jeyografik yo rive jis nan sektè yo. DHC bay tablo ki gen plis detay, pifò nan nivo sektè a. Karakteristik Moun Nan Popilasyon an ak anpil nan tablo DHC yo disponib tou pou Zòn Aranjman Kòd Postal yo — reprezantasyon jeneral wout sèvis Kòd Postal U.S. Postal Service yo.
Resansman 2020 an montre sa ki vin apre a konsènan laj ak sèks moun nan peyi a:
Piblik la ka jwenn plis enfòmasyon sou chif, sou laj ak sèks sa yo gras ak de done vizyalizasyon:
Gen yon seri tablo klasman ki ka telechaje ki koresponn ak chak imaj ki disponib.
Gen plis enfòmasyon sou laj ak sèks ki disponib tou nan istwa America Counts yo: An Aging U.S. Population With Fewer Children in 2020 ak 2020 Census: 1 in 6 People in the United States Were 65 and Over, ak de atik rezime: Age and Sex Composition: 2020 ak The Older Population: 2020.
DHC bay done sou laj ak sèks pou prensipal gwoup ras ak orijin jan Biwo Jesyon ak Bidjè Etazini an defini sa . Done yo montre sa ki vin apre yo konsènan laj ak sèks pou kategori ras ak gwoup orijin.
Konparezon ant Resansman 2020 ak Resansman 2010 la ta dwe fèt ak prekosyon e l ta dwe konsidere amelyorasyon Biwo Resansman an fè nan kesyon sou orijin Ispanik ak ras yo ak fason li ekri sa moun mete nan repons yo.
Nan sans sa a, done ki nan Resansman 2020 an montre dispozisyon ki diferan men ki rezonab nan Resansman 2010 an pou Popilasyon ki gen moun Blan sèlman, ak Kèk Lòt Ras Sèlman oswa melaj popilasyon, ak popilasyon ki gen plizyè ras, sitou pou moun ki di yo se ni Blan ak ni Kèk Lòt Ras. Rezilta sa yo pa fè nou sezi paske yo koresponn ak rechèch Biwo Resansman an te fè nan dis dènye ane ki sot pase yo, sitou ak rezilta ki nan 2015 National Content Test, konsènan enpak fòma kesyon yo sou rapò pou ras ak orijin nan. Amelyorasyon an plis montre richès ak konplikasyon nan fason moun idantifye ras ak orijin yo nan 21yèm syèk la.
Gen plis enfòmasyon sou Orijin Ispanik nan istwa America Counts yo: Hispanic Population Is Younger But Aging Faster.
Nan mwa September, pa mwayen dokiman DHC-A Detaye a, Biwo Resansman an ap pibliye kantite moun ki gen nan popilasyon an dapre Resansman 2020 an ak chif sou sèks dapre laj pou anviwo 370 gwoup ras ak orijin, tankou Alman, Libanè, Jamayiken, Chinwa, Otoktòn Awayi ak Meksiken, ansanm ak 1,200 tribi ak vilaj Ameriken Otoktòn ak Otoktoktòn Alaska, tankou Nasyon Navajo a.
Resansman 2020 an bay enfòmasyon sou kay yo, ki se tout moun k ap viv nan yon lojman, sa gen ladan l moun k ap viv poukont yo oswa an fanmi (de oswa plis moun k ap viv ansanm ki gen lyen nan nesans, maryaj oswa adopsyon).
Gen plis enfòmasyon sou fanmi ak kay ki disponib nan istwa America Counts yo: Family Households Still the Majority ak Share of U.S. Coupled Households Declined in 2020.
Resansman 2020 an bay enfòmasyon konsènan lojman ki gen moun ak sa k vid yo. Pou lojman ki gen moun yo, li gen enfòmasyon sou kantite moun ki ladan l — kit kay la se pou moun nan oswa se lwe li lwe l. Pou lojman ki vid yo, Resansman 2020 an bay enfòmasyon sou rezon ki fè l vid la — kit lojman an se pou lwe, pou vann , se yon kay yo itilize chak sezon, elatriye.
Gen plis enfòmasyon sou lojman nan istwa America Counts yo: See a Vacant Home? It May Not be For Sale or Rent.
Resansman 2020 an bay enfòmasyon sou popilasyon ki nan lojman gwoup yo — kote moun yo viv ak abite an nan yon lojman pou yon gwoup moun, kote se òganizasyon ki bay lojman oswa sèvis pou abitan yo ki posede oswa jere lojman yo. Sa gen ladan l kote tankou kay nan inivèsite, kay gwoup, kazèn militè, abri ijans ak pwovizwa, ansanm ak prizon. DHC bay done sou lojman gwoup yo selon gwoup laj, sèks, ras ak orijin Ispanik, ak kalite katye gwoup.
Done sou lojman gwoup yo disponib sou data.census.gov.
Biwo Resansman an gen yon seri zouti pou ede piblik la konn plis epi itilize done sa yo.
Yon gwoup done sou karakteristik moun nan popilasyon an ak DHC disponib pou w ka aprann fasil nan imaj ki koresponn ak done yo, ki gen plis resous ki kore l.
Karakteristik Moun nan Popilasyon an ak DHC yo disponib sou platfòm ki pibliye enfòmasyon Biwo Resansman an ki se, data.census.gov.
Platfòm sa a pèmèt moun k ap itilize done yo pou yo chèche zòn epi jwenn done yo gras ak tablo, kat ak telechajman:
Videyo ki bay enfòmasyon ak gid ki bay esplikasyon sou fason pou moun jwenn done DHC, jwenn sektè gras ak yon kat, chèche done pou zòn nan vil ak nan rejyon andeyò yo, telechaje ak pran done, ansanm ak done konparezon ant 2020 ak 2010 disponib sou paj entènèt Fiche Karakteristik Moun nan Popilasyon an ak Lojman pou 2020 an.
Menm jan ak tout dokiman Biwo Resansman an, done ki nan dokiman ki pibliye jodia itilize metòd pou evite pataj enfòmasyon pou pwoteje enfòmasyon konfidansyèl moun ki reponn nan. Pou nou asire nou pa gen okenn moun ki ka asosye done ki pibliye yo ak yon moun oswa kay byen presi, nou te ajoute sa yo rele "bri estatistik" la — ajoute oswa retire ti detay, pa aza — nan done yo. Biwo Resansman an te travay tèt kole ak kominote k ap itilize done yo pou mete pwoteksyon sa yo sou pye. Pou nou ede w konprann fason nouvo pwoteksyon pou evite pataje enfòmasyon konfidansyèl la mache, ale sou Disclosure Avoidance and the 2020 Census: The TopDown Algorithm and Why the Census Bureau Chose Differential Privacy.
Lè itilizatè done DHC ak Karakteristik Moun nan Popilasyon an ap itilize yo, Biwo Resansman an ankouraje itilzatè done yo pou yo rasanble ti popilasyon ak jeyografi yo pou amelyore presizyon epi diminye rezilta ki pa rezonab. Gen plis enfòmasyon sou fason bri estatistik la gen enpak sou done yo ki disponib nan blòg: What to Expect: Disclosure Avoidance and the 2020 Census Demographic and Housing Characteristics File. Met sou sa, Biwo Resansman an pibliye mezi yo jodia pou ede moun k ap itilize done yo konprann varyasyon ki koresponn ak evite pataje enfòmasyon ki nan DHC a. Resansman 2020 an se premye resansman ki ka mete yon kantite sou varyasyon sa a paske li sèvi ak yon apwòch ki pi konplike pou evite pataje enfòmasyon.
Pou enfòmasyon sou koleksyon done pou resanman 2020 an, pwoteksyon enfòmasyon konfidansyèl, erè ki pa gen rapò ak echantiyon, definisyon sijè yo, ak enstriksyon sou itilizasyon done yo, al gade paj entènèt 2020 Census Demographic and Housing Characteristics File Summary File (DHC) Technical Documentation la. Rezilta ki soti nan Post-Enumeration Survey ak Demographic Analysis yo bay plis enfòmasyon sou kalite Resansman 2020 an.
###