U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Thursday, August 05, 2021

Biwo Resansman a Gen Pou l Fè yon Konferans Laprès sou Piblikasyon Done Repatisyon Resansman 2020 an yo

Press Release Number CB21-CN.51 Haitian Creole

Kisa:

Biwo Resansman Etazini a gen pou l fè konferans laprès pou l pale sou piblikasyon premye rezilta nivo lokal ki soti nan Resansman 2020 an yo. Eta (state) yo sèvi ak done sou ras, orijin ispanik, ak popilasyon ki gen laj pou vote a pou yo retrase fwontyè distri asanble nasyonal ak distri lejislatif eta (state) yo.

Konferans laprès la ap bay premye analiz sou premye rezilta nivo lokal yo ki soti nan Resansman 2020 an sou chanjman nan popilasyon, ras, orijin etnik, popilasyon laj 18 ak plis, epi ak kondisyon lojman moun.

Yon seyans kesyon-repons an dirèk ak ekspè nan domèn ki nan Biwo Resansman an yo ap fèt imedyatman aprè pou manm laprès kalifye ki te reponn envitasyon sa a.

(an Anglè)

Kilè:

12 Out 2021

1 p.m. nan Lè NouYòk 

Kiyès:

  • Ron Jarmin (an Anglè), direktè enterimè, Biwo Resansman Etazini
  • James Whitehorne (an Anglè), chèf, Biwo Done sou Repatisyon & Dwa pou Vote, nan Biwo Resansman Etazini
  • Nicholas Jones (an Anglè), direktè ak konseye prensipal nan Rechèch ak Kanpay sou Ras ak Orijin Etnik, Divizyon Popilasyon, Biwo Resansman Etazini
  • Marc Perry (an Anglè), demograf prensipal, Divizyon Popilasyon, Biwo Resansman Etazini
  • Michael C. Cook, Sr. (an Anglè), chèf, Biwo Enfòmasyon Piblik, Biwo Resansman Etazini (moderatè)

Yo ap anrejistre pwogram nan epi mete li disponib pou w gade sou Paj Enfòmasyon Laprès sou Dosye Repatisyon Resansman 2020 an yo (an Anglè). Yon transkripsyon ap disponib tou nan paj enfòmasyon laprès la.

Aksè:

Ou ka gade konferans laprès la sou paj Biwo Resansman an Dirèk la (an Anglè).

Enfòmasyon sou nimewo pou manm laprès kalifye rele pou yo poze kesyon ap disponib lè yo Reponn Envitasyon an (an Anglè). Tanpri rele 15-30 minit alavans pou nou ka gen tan pou n enskri w. Patisipasyon nan kesyon-repons yo rezève sèlman pou manm laprès kalifye aprè prezantasyon an.

Reponn Envitasyon an:

Manm laprès ki ta renmen patisipe nan konferans laprès la epi poze kesyon dwe reponn envitasyon atravè sitwèb Eventbrite la (an Anglè).

Entèvyou:

Tanpri kontakte Biwo Enfòmasyon Piblik Biwo Resansman an nan pio@census.gov oswa 301-763-3030 oswa 877-861-2010 pou mande entèvyou.

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header